1. Fanmi w ap maltrete w.

Ou pa ta dwe janm tolere abi fizik, emosyonèl, oswa vèbal. Fanmi toksik yo pa gen okenn pwoblèm pou fè w mal, depi yo santi yo byen yo menm. Moun sa yo konn gen tandans narsisik epi panse yo ka trete lòt moun nenpòt jan yo vle san konsekans.
Pou yo, relasyon se jis yon mwayen pou itilize lòt moun pou atenn objektif yo. Fanmi toksik konsa ka vin ba w maladi mantal epi fè ou vin kwè ke ou se yon voryen. Koupe relasyon sa a rapid vit.
2. Pifò nan entèraksyon w yo ak li negatif.

Ou dwe pran distans ak manm nan fanmi w ki toksik si yo enfliyanse w negativman. Si ou pase twòp tan bò kote yo, sa ka kòmanse gen enpak sou sante mantal ou.
Pa egzanp, si yo toujou ap plenyen oswa kritike w lè nap pale, yo pa ajoute anpil valè nan lavi w. Li ka fè mal pou w kraze relasyon ak fanmi ki toksik, men ou merite moun pozitif nan vi w.
3. Ou toujou oblije ap defann tèt ou kont fanmi toksik yo.
Sispann kontak ak fanmi ki toujou ap fè w eksplikasyon. Si ou toujou ap defann tèt ou lè ou bò kote yo, yo pa nan enterè w. Ou pa ta dwe oblije fè vijilans bò kote pwòp fanmi ou. Ou ka fè pwòp chwa ou nan lavi san ou pa bezwen apwobasyon.
4. Yap pale ou mal, fè tripotay sou do ou.

Fanmi ou pa ta dwe janm ap pale ou mal dèyè do ou, men sa rive souvan. Moun ki renmen fè tripotay pa gen anpil estim nan tèt yo. Yo santi yo oblije pale lòt moun mal pou fè tèt yo pase pou bon. Pa tolere manm fanmi toksik ki ap derespekte ou konsa.
Si ou tande yap kritike w an kachèt, pale ak yo sou sa. Si yo pa chanje konpòtman yo, li lè pou w kraze relasyon sa a.
5. Fanmi toksik yo pa montre okenn konpasyon.

Etid yo montre ke anpil pitit separe ak paran yo akoz de mank de konpasyon oswa senpati, neglijans, ak paran ki abizif. Pa egzanp, paran an ka ap kreye konfli tout tan, vle se yo ki pou toujou gen rezon, epi toutjou ap eklate zen pasi pala.
Si ou pa alèz nan mitan tout deblozay sa yo, li ka pi bon pou ou kreye distans nan relasyon sa a.
6. Yo pa respekte limit ou yo ak vi prive ou.
Fanmi toksik ka pa gen okenn respè pou vi prive ou, kit se nan vi pèsonèl ou oswa nan vi pwofesyonèl ou. Yo kwè ke yo gen dwa parèt lakay ou oswa nan travay ou nenpòt lè yo vle san avètisman. Epitou, yo ka vin twò enplike nan relasyon ou, epi vle fouye nen yo nan tout detay nan vi womantik ou.
Si sa pa ba yo okenn pwoblèm pou yo fè w santi ou malalèz, li lè pou ou lage manm fanmi sa a pou tout bon.
7. Yap jije w epi kritike w.

Manm fanmi ki ap maltrete w yo pa janm gen anyen pozitif pou yo di sou ou. Kèlkeswa sa w fè, li pa janm bon ase nan je yo. Objektif yo se fè w fache, kidonk pa ba yo chans sa a yo.