1. Nou sou menm longè d’ond

Sou menm longè dond vle di nou pataje menm valè moral de baz ak kwayans. Nèg k ap devni yon bon mari pou ou a sipoze sou menm paj avèk ou nan valè sa yo ak vizyon nou a lavni. Lè nou mache sou menm wout ak nan menm direksyon, ansanm nou ka pete plafon 💪.
2. Li respekte w

Respè se fondasyon ke ou pa ka inyore. Yon bon mari ap ba ou valè kom yon endividyèl epi trete w kòm yon patnè egal. Li p ap eseye chanje ou pou fè w vin yon moun ou pa ye. Si li respekte w, l ap bay opinyon w yo valè, l ap sipòte desizyon w yo, epi li pap minimize w, menm pandan moman diskisyon yo.
3. Li gen matirite emosyonèl

Lè gen konfli ak diskisyon, yon nèg ki gen matirite ap jere yo avèk kalmi e nan fason konstriktif. Li p ap pasif-agresif oubyen evite konvèsasyon ki enpòtan. Se yon bèl siy lè menm si nèg la pa dakò avè w, li gen matirite emosyonèl pou diskite bagay yo.
4. Li sipòte objektif ou yo

Yon bon mari ap ankouraje anbisyon madanm li. Li la pou bat bravo pou ou, selebre viktwa ou yo ak ede ou lè’w nan yon etap ki difisil. Fèt atansyon ak yon nonm ki tèlman konsantre sou pwòp aspirasyon karyè li ke li pa prèske kreye tan pou lòt moun.
5. Li devwe pou li travay di

Pa gen moun ki vle marye ak yon nèg ki parese tankou yon blòk zo. Yon nonm ki travay di pa sèlman atiran, men lap fè lavi nou 2 a pi an sekirite ak satisfezan. Devouman li montre ke li dispoze fè efò pou l konstwi yon avni ki stab.
6. Li gen responsablite finansye

Responsablite finansyè se le yon nèg konn jere lajan byen, menm si li pa rich. Yon nèg konsa pa nan plede pran move dèt ki li pap menm ka peye, epi li ekonomize pou lavni. Anvan nou marye, yon nèg ki responsab finansyèman ap onèt avè w sou djòb li ak finans pèsonèl li. Yon nèg konsa, pa kite l ale.
7. Li gen kapasite mande eskiz le li fè yon erè

Admèt erè mande kouraj ak imilite. Toulède se kalite ki tòp nan yon bon mari. Si li ka rekonèt erè li yo san li pap lage chay la sou yon lòt moun ou yon lòt bagay, sa montre li valorize kwasans sou ogèy.
8. Ou ka fèl konfyans
Konfyans nan yon maryaj pa negosyab, pwen ba. Si yon nèg pa ka kenbe pwomès li oubyen si li pa respekte angajman li, rete lwen l; Nèg konsa pap yon bon mari.
9. Li Janti
Yon bon jènjan gen jantiyès. W ap konnen li janti si pawòl li yo edifyan epi aksyon li yo gen konpasyon. Si ou vle konnen tout bon si yon gason ap fè yon bon mari, jis gade kijan li trete lòt moun.
10. Li bay fanmi valè
Se yon bon siy lè yon gason gen bon jan relasyon solid ak fanmi li. Menm jan, l’ap anvi bati yon bèl fanmi avèk ou tou. Respè li genyen pou tradisyon fanmi yo ak kapasite l pou l navige nan dinamik fanmi yo ak jantiyès montre ki li gen bon valè familyal.
11. Li gen pasyans
Youn nan premye bagay nan definisyon lanmou se: “Lanmou gen pasyans”. Yon nonm ki enpasyan ak egzijan pa ka montre lanmou. Pasyans esansyèl lè n ap travèse moman difisil nan lavi ke pèson pa ka evite. Pote atansyon ak yon nèg ki ka kenbe tèt li sou zepòl li nan tout sitiyasyon.
12. Li konn koman pou’l fè’w ri

Yon ki nèg ki ka fè w ri kenbe relasyon an lejè epi amizan. Yon bon mari konnen kijan pou li soutni lespri w epi bay plezi menm moman difisil yo .
13. Li montre ke ou ka konte sou li
Li enpotan anpil pou w asire ke ou ka konte sou mari w ke l ap reyalize pwomès li yo, kit se yon ti favè oswa yon gwo angajman. Yon nonm ki gen valè tout bon ap ba ou yon sans de sekirite ak estabilite.
14. Li dako fè konpwomi
Yon maryaj kap reyisi gen pèdi pou genyen ladan l. Yon mari ki gen matirite konprann ke yon bèl vi ansanm mande pou balanse bezwen ou yo ak bezwen pa l yo. Jwèt la make danje si yon nèg egoyis epi mete bezwen li yo avan bezwen lòt moun.
1 5. Li fonskyone byen ak timoun (oswa li prè pou l aprann)

Yon nèg kap vin yon bon mari natirèlman fonksyone ak timoun oswa montre yon volonte pou aprann. Pasyans li, jwèt ak timoun, ak sans responsabilite li montre ke l ap devni yon bon papa.
16. Li Fidèl anvè ou
Si yon nèg pa gen lwayote ak angajman ave oumenm, li pa vo tan w. Yon nèg ki fidèl nan ti bagay ap fidèl tou nan gwo bagay yo tou. Èske li respekte angajman yo? Koman li konpòte l ak lòt fi? Èske li pale onètman? Eske l ap kache w bagay nan telefòn li? Tout bagay sa yo ka siy enfidelite.
17. Li kenbe yon ti limit konstriktif
Pa gen moun ki vle yon moun kole nan kò l tankou yon sansi. Yon bon nèg ap respekte ke pafwa ou bezwen ti espas pèsonèl ak endepandans ou pandan l ap fikse limit pou tèt li tou. Balans sa a anpeche kodependans epi asire nou chak kenbe endividyalite nou nan relasyon an.
18. Li Kapab Jere Estrès

Lavi chaje ak defi. Kapasite pou l rete kalm anba presyon se yon gwo avantaj. Li pa kite strès akable l oswa afekte relasyon an nan yon fason negatif, men pito li chache fason konstriktif pou fè fas ak yo.
19. Nou gen anpil opinyon ki sanble
Lè nou panse menm jan nan anpil domèn, sa fè li fasil pou n pran desizyon ak planifye lavi. Kit se sou konbyen pitit nou vle genyen, opinyon politik, oswa kijan pou jere finans, le nou gen menm priyorite, li rann lavi pi fasil pou navige ansanm.
20. Li pa pè montre afeksyon

Ou pa konn we nèg ki pè pase men nan senti madanm yo an piblik? Afeksyon ka vini nan plizyè fòm, sòti nan touch fizik tankou akolad ak bizou rive nan afimasyon vèbal ak ti jès afeksyon. Gen nèg kou li fin ganye fi a, pa gen ti “je t’aime” anko. Ou pa bezwen yon nèg konsa.
21. Li pran swen sante li

Si yon nèg pa respekte pwòp kò l, pa gen anpil chans pou l respekte kò pa w. Yon nèg dwe konprann enpòtans pou l kenbe sante li djanm fizikman ak mantalman. Non sèlman sa montre li gen respè pou tèt li, men tou sa montre ke li envesti nan yon long vi ansanm kote nou an sante.
22. Li se yon bon ekoutè (li pote atansyon a sa w ap di)

Li pa jis ap tann tou pa l pou l pale. Li koute santiman w ak pèspektiv ou, sa ki fè ou santi li ba w valè.
23. Li anbisye nan lavi

Anbisyon pa vle di kouri dèyè richès oswa estati, men sa vle di li gen objektif epi l ap travay pou reyalize yo. Devouman li pou kwasans pèsonèl ak pwofesyonèl montre ke li angaje l nan yon vi satisfezan pou nou toulède.
24. Li renmen pase tan avè w
Ah nou pa menm bezwen bay espliksyon pou sa a. Ti tan entim nou pase ansanm ranfòse afeksyon nou. Nenpòt mari ki gen valè ap kreye tan pou madanm li.
25. Li fè ou santi li renmen w e apresye w

Se sa ki pi enpotan, yon nèg k ap yon bon mari ap toujou montre ke li ba w valè. Atravè pawòl li ak aksyon li yo, li fè ou santi ou an sekirite, ancheri, e ke li damou w. Li pa kite w gen okenn dout sou angajman li.