1 – Siwo myèl ak dlo tyèd (remèd ki pi klasik pou gòj fè mal)

Siwo myèl renome pou pwopriyete antibakteri li yo. Selon rechèch NIH (Enstiti Nasyonal Sante nan US la), siwo myèl ka konbat sèten bakteri epi kreye yon efè kalman, sa ki fè li yon remèd natirèl ideyal pou gòj sèk ak gòj grate.
Kijan pou itilize dlo ak siwo myèl:
- Melanje 1-2 gwo kiyè siwo myèl nan yon tas dlo tyèd.
- Asire w dlo a pa twò cho; dlo bouyi ka diminye pwopriyete benefik siwo myèl yo.
- Bwè melanj sa a jiska 3 fwa pa jou pou soulaje doulè a.
2 – Gargari dlo sale (remèd malgòj ki pi fasil pou fè)

Selon rechèch,dlo sale ka ede diminye enflamasyon nan gòj la epi retire larim. Li kapab ede anpeche enfeksyon respiratwa tou. Pou meyè rezilta, gagari dlo sale a 3 fwa pa jou.
3 – Te Jenjanm

Jenjanm gen pwopriyete anti-enflamatwa puisan ki ka minimize anflamasyon ak doulè nan gòj ki grate. Kijan pou itilize te jenjanm:
- Fè te jenjanm lan, ajoute siwo myèl ladann. Bwè 2-3 tas chak jou jiskaske sentòm yo diminye.
4 – Te flè kamomiy (ansyen remèd pou malgòj)

Popilarite flè kamomiy soti nan efè natirèl kalman li yo. Pwopriyete anti-enflamatwa ak antioksidan li yo ka benefisye gòj fè mal.
Kijan pou itilize te kamomiy:
- Prepare yon sache te kamomiy oubyen itilize flè kamomiy sèch nan dlo bouyi pandan 5 a 10 minit.
- Pase l nan paswa, epi ajoute siwo myèl ak sitwon pou bal gou ak pi bon rezilta.
- Bwè te sa a 2-3 fwa pa jou pou pi bon rezilta.
5 – Rasin gimov

Yon atik rechèch NIH mete aksan sou pwopriyete kalman rasin gimov pou iritasyon manbràn mikez (membrane muqueuse).
Kijan pou itilize rasin gimov:
- Bwase yon gwo kiyè rasin gimov sèch nan yon tas dlo bouyi.
- Kouvri l epi kite l tranpe pou apeprè 30 minit.
- Pase l nan paswa epi bwè te a 2 a 3 fwa pa jou.
6 – Vinèg sid pòm (Apple Cider Vinegar)

Vinèg sid pòm gen pwopriyete anti-bakteri ki ka ede konbat enfeksyon bakteri ki lakòz malgòj. Kijan pou itilize vinèg sid pòm (ACV):
- Melanje yon ti kiyè vinèg sid pòm kri, san filtre ak yon tas dlo tyèd.
- Melanje yon gwo kiyè siwo myèl pou bal gou ak plis efikasite.
- Gagari (pa vale l) ak melanj lan yon fwa oubyen de fwa pa jou.
- Rense bouch ou ak dlo klè.
7 – Timerik ak Lèt

Timerik gen kurkumin (curcumine), yon konpoze ki koni pou pwopriyete anti-enflamatwa ak antioksidan pwisan li yo. Dapre yon etid ki pibliye nan Bibliyotèk Nasyonal Medsin Etazini, kurkumin gen anpil efè terapetik, ki gen ladanl tou soulajman pou gòj fè mal.
Kijan pou itilize timerik ak lèt:
- Ajoute yon ti kiyè poud timerik nan yon vè lèt tyèd.
- Pou plis benefis, ou ka melanje yon ti pwav ladan l. Pwav ka amelyore absòpsyon kurkumin nan kò a.
- Bwè melanj sa a yon fwa oubyen de fwa pa jou, sitou anvan ou al dòmi.
8 – Te mant

Mant gen mantòl, yon dekonjestyonan natirèl. Li bay tou yon sansasyon rafrechisman pou gòj fè mal. Rechèch mete aksan sou pwopriyete terapetik mant, tankou kapasite li pou soulaje enflamasyon nan gòj.
Kijan pou itilize te mant:
- Prepare yon ti pake mant oubyen sèvi ak fèy mant sèch nan dlo bouyi pandan 5 a 10 minit.
- Pase te a nan yon paswa, ajoute siwo myèl pou bal gou ak plis benefis, epi bwè li pandan l cho.
- Ou ka bwè te sa a 2-3 fwa pa jou.
9 – Idratasyon

Lè gòj ou idrate, manbràn mikez yo rete imid. Kòm rezilta, sa ka ede elimine nenpòt iritan. Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC, Etazini) mete aksan sou enpòtans konsomasyon dlo pou sante an jeneral.
Kijan pou rete idrate:
- Asire w ou bwè omwen uit vè dlo chak jou. Bezwen sa a ka ogmante nan klima cho, si w ansent, avèk lòt faktè.
- Anplis de sa, dlo, te, bouyon, ak fwi ki gen anpil dlo ka ede ou rete idrate.
- Evite bwason ki gen kafeyin oswa sik, paske yo ka dezidrate moun.
10 – Vapè (remèd gratis)

Vapè ka soulaje malèz yon gòj fè mal oswa sèk. Dapre rechèch ki soti nan Bibliyotèk Nasyonal Medsin Etazini, respire vapè ka ede diminye sentòm enfeksyon viral respiratwa siperyè yo.
Kijan pou itilize respirasyon vapè:
- Bouyi dlo epi vide l nan yon gwo bòl.
- Panche sou bòl la. Men, asire w ke ou rete nan yon bon distans pou evite boule.
- Mete yon sèvyèt sou tèt ou ak bòl la, pou kreye yon tant.
- Respire vapè a pandan 5-10 minit.
- Fè sa 2 a 3 fwa pa jou oubyen nenpòt lè ou bezwen soulajman.
11 – Dlo sitwon

Sitwon rich an vitamin C, sa ki ka ranfòse sistèm iminitè a epi diminye dire doulè a. Li ka ede retresi tisi gòj ki anfle yo tou.
Kijan pou itilize dlo sitwon :
- Peze ji mwatye yon sitwon nan yon vè dlo tyèd.
- Melanje yon kiyè siwo myèl ladann pou bal gou ak plis benefis.
- Bwè melanj sa a 2-3 fwa pa jou.
Si sentom yo pèsiste oswa vin pi grav, chèche konsèy nan men yon doktè. Avèk remèd sa yo pou malgòj, ou ka konbat doulè ak malèz la natirèlman epi efektivman.