Lè ou tande pale de chimi, sa ka rive ke sa ki vin nan tèt ou se tès nan laboratwa, aditif nan pwodwi alimante oswa pwodwi danjere, men domèn chimi enplike nan tout bagay ki ozalantou nou.
Chimi ak pwodwi chimik (matyè) enplike nan tout sa ou tande, wè, pran sant, goute, ak manyen, dapre Sosyete Chimik Ameriken. “Epi tande, wè, goute, ak manyen tout enplike nan yon seri de reyaksyon chimik ak entèraksyon nan kò ou ki trè konplike.”
Se sak fè, menm si ou pa travay kòm yon chimis, w’ap fè chimi oubyen yon bagay ki enplike chimi nan prèske tout sa w’ap fè. Nan lavi chak jou, ou fè chimi lè ou kwit manje, lè ou sèvi ak fab oubyen likid detèjan pou’w lave oubyen fè netwayaj, lè ou pran medikaman, oubyen lè ou ajoute dlo nan yon ki twò si pou’w ka korije gou’l.
Definisyon Chimi: chimi se etid matyè, ak chanjman matyè yo ka sibi lè yo mete yo nan diferan anviwònman ak kondisyon. Matyè se nenpòt bagay ki gen mas epi ki pran espas; tout sa ou ka manyen (dlo, bwa, telefon, manje, ak anpil lòt…) ak tout sa ou ka santi (van kap vante, gas nan vant, oksijèn, ak anpil lòt) se matyè.
Chimi chèche konprann non sèlman pwopriyete matyè yo, tankou mas oubyen konpozisyon yon eleman chimik, men tou kijan ak poukisa matyè sibi sèten chanjman – tankou si yon bagay te transfòme paske li te melanje (konbine) avèk yon lòt sibstans, si li te jele paske li te rete pou 2 semèn nan yon frizè, oswa chanje koulè paske li te ekspoze a twòp limyè solèy.
Yon ti baz sou Chimi
Rezon ki fè chimi touche tout sa nou fè se paske prèske tout bagay ki egziste ka divize an plizyè blòk chimik ki fòme yo.
Blòk prensipal yo nan chimi se eleman chimik, ki se sibstans ki fèt ak yon sèl atom. N’ap wè kisa ki yon atom pi devan. Chak eleman chimik inik, konpoze de yon kantite pwoton, netwon ak elektwon, epi li idantifye pa yon non ak yon senbòl chimik, tankou “C” pou kabòn. Eleman ke syantifik yo te dekouvri jiskaprezan yo nan lis ki nan tablo peryodik eleman yo, epi yo gen ladan yo eleman ke yo jwenn nan lanati tankou kabòn, idwojèn ak oksijèn, ak eleman ke lòm fè tou.
Eleman chimik yo ka fè lyezon ansanm pou fòme konpoze chimik, ki se sibstans ki gen plizyè eleman, tankou gaz kabonik (ki fèt ak yon atom kabòn ki konekte ak de atom oksijèn), oubyen plizyè atom nan yon sèl eleman, tankou gaz oksijèn (ki fèt ak de atom oksijèn ki konekte ansanm). Konpoze chimik sa yo ka fè lyezon ak lòt konpoze oswa eleman pou fòme anpil lòt sibstans ak materyèl.
Senk branch prensipal ki genyen nan chimi
Tradisyonèlman, chimi divize an senk branch prensipal. Genyen tou domèn ki plis espesyalize, tankou chimi alimantè, chimi anviwònman ak chimi nikleyè, men seksyon sa a konsantre sou senk gwo soudisiplin chimi.
1. Chimi Analitik
Chimi analitik enplike nan analiz pwodwi chimik yo, epi li gen ladann metòd kalitatif tankou obsève chanjman koulè, ak metòd kantitatif, tankou egzamine longèdonn egzak nan limyè ke yon pwodui chimik absòbe pou vin bay chanjman koulè sa a.
Metòd sa yo pèmèt syantifik yo karakterize anpil pwopriyete diferan nan pwodwi chimik yo, epi yo ka benefisye sosyete a nan yon anpil fason. Pa egzanp, chimi analitik ede konpayi manje yo fè dine glase ki gen pi bon gou lè yo detekte kijan pwodwi chimik ki nan manje yo chanje lè yo jele pandan lontan. Yo itilize chimi analitik tou pou kontwole sante anviwònman an; pa egzanp, lè yo mezire pwodwi chimik nan dlo oswa tè.
2. Biyochimi
Biyochimi itilize teknik chimi pou konprann ki jan sistèm biyolojik yo fonksyone nan yon nivo chimik. Gras a biyochimi, chèchè yo te rive kapab detekte e etidye an detay jenom (ansanm ADN konplè) imen an, konprann kisa diferan pwoteyin fè nan kò a epi devlope remèd pou anpil maladi.
3. Chimi inòganik
Chimi inòganik etidye konpoze chimik yo nan bagay inòganik oubyen ki pa vivan tankou mineral ak metal. Tradisyonèlman, chimi inòganik konsidere konpoze ki pa gen kabòn, men definisyon sa a pa konplètman egzat, dapre Sosyete Chimik Ameriken.
Kèk konpoze ke yo etidye nan chimi inòganik, tankou “konpoze òganometalik,” gen metal. Konpoze òganometalik se se metal ki atache ak kabòn – ki se eleman prensipal ke yo etidye nan chimi òganik. Konsa, yo etidye konpoze sa yo ni nan chimi inòganik ak chimi òganik.
Yo itilize chimi inòganik pou kreye anpil pwodwi, tankou penti, angrè ak krèm pwoteksyon kont solèy.
4. Chimi òganik
Chimi òganik etidye konpoze chimik ki gen kabòn, yon eleman ki esansyèl nan tout sa ki vivan. Chimi òganik etidye konpozisyon, estrikti, pwopriyete ak reyaksyon nan konpoze sa yo, ki non selman gen kabòn, men ki gen lòt eleman ki pa kabòn tankou idwojèn, souf ak silisyòm. Yo itilize chimi òganik nan anpil aplikasyon, tankou biyoteknoloji, endistri petwòl, pwodwi famasetik ak plastik.
5. Chimi fizik
Chimi fizik itilize konsèp ki soti nan fizik pou konprann ki jan chimi fonksyone. Pa egzanp, lè y’ap chèche konnen ki jan atòm yo deplase ak kominike youn ak lòt, oswa poukisa kèk likid, tankou dlo, transfòme an vapè nan tanperati ki wo. Chimis fizik yo eseye konprann fenomèn sa yo nan yon echèl ki piti anpil – nan nivo atòm ak molekil – pou tire konklizyon sou fason reyaksyon chimik yo fonksyone ak kisa ki bay materyèl spesifik yo pwòp pwopriyete inik yo.
Jan de rechèch sa a ede enfòme lòt branch nan chimi, epi li enpòtan pou devlopman pwodwi. Pa egzanp, chimis fizik yo ka etidye ki jan sèten materyèl, tankou plastik, ka reyaji ak pwodui chimik materyèl la fèt pou antre an kontak avèk yo.
Ki wòl chimis yo?
Chimis yo travay nan yon varyete domèn, tankou rechèch ak devlopman, kontwòl kalite pwodwi, fabrikasyon, pwoteksyon anviwònman, konsiltasyon ak lalwa. Yo ka travay nan inivèsite, pou gouvènman an oswa nan endistri prive.
Men kèk egzanp sou sa chimis yo fè:
Rechèch ak devlopman
Nan inivèsite, chimis k’ap fè rechèch vize chèche plis konesans sou yon sijè an patikilye, byenke yo ka pa nesesèman gen yon aplikasyon espesifik nan tèt yo. Sepandan, rezilta yo ka toujou aplike nan pwodwi ak aplikasyon ki enpòtan.
Nan endistri, chimis k’ap fè rechèch ak devlopman yo itilize konesans syantifik pou devlope oubyen amelyore yon pwodwi oswa yo pwosesis spesifik. Pa egzanp, chimis nan domèn lamanjay yo amelyore kalite, sekirite, depo ak gou manje; chimis famasetik yo devlope ak analize kalite medikaman ak lòt fòmilasyon medikal; epi chimis agrikòl yo devlope angrè, ensektisid ak èbisid ki nesesè pou pwodiksyon rekòt a yon nivo elve.
Pafwa, rechèch ak devlopman ka pa enplike nan amelyore pwodwi a an swa, men pwosesis fabrikasyon ki enplike nan fè pwodwi sa a. Enjenyè chimik yo ak enjenyè pwosesis yo kreye nouvo fason pou fè fabrikasyon pwodwi yo pi fasil a pi ba pri, tankou ogmante vitès ak/oubyen rannman yon pwodwi pou yon bidjè kèlkonk.
Pwoteksyon anviwònman
Chimis anviwònman yo etidye ki jan pwodwi chimik yo kominike ak anviwònman natirèl la, karakterize pwodwi chimik yo ak reyaksyon chimik ki prezan nan pwosesis natirèl ki nan tè a, dlo ak lè a. Pa egzanp, syantis yo ka kolekte tè, dlo oswa lè nan yon kote ki enterese yo epi analize li nan yon laboratwa pou detèmine si aktivite imen yo te kontamine, oubyen pral kontamine anviwònman an oubyen afekte li nan lòt fason. Gen kèk chimis anviwònman tou ki ka ede retire kontaminan nan tè a.
Lalwa
Chimis yo ka sèvi ak background akademik yo pou bay konsèy oswa defann pwoblèm syantifik yo. Pa egzanp, chimis yo ka travay nan pwopriyete entelektyèl, kote yo ka aplike konesans syantifik yo nan pwoblèm dwa dotè nan syans yo, oswa nan lwa anviwònman.
Chimis yo ka fè analiz tou ki ede fè respekte lalwa. Chimis legal yo pran epi analize prèv fizik ki rete nan yon sèn krim pou ede detèmine idantite moun ki enplike yo, epi tou pou reponn lòt kesyon enpòtan konsènan kijan ak poukisa krim lan te fèt. Chimis legal yo itilize yon gran varyete metòd analiz, tankou kwomatografi ak spèktrometri, ki ede idantifye ak detemine kantite pwodwi chimik yo.
Hello zanmi’m! Si’w enterese ak jan de atik sa yo ak anpil lòt, ale anba paj la nèt pou’w ka swiv nou sou Facebook!
Tape bouton anba a pou’w ka pataje’l ak zanmi’w yo!
Mèsi anpil!!!