Kisa Byoloji ye?
Byoloji se etid tout bagay ki vivan, oswa ki te vivan yon fwa, kit se yon plant, yon bèt oswa yon mikwo-òganism (mikwob, bakteri, etc.).
Byoloji se etid lavi. Mo “byoloji” a sòti nan mo grèk “bios” (ki vle di lavi) ak “logos” (ki vle di “etid”). An jeneral, byolojis etidye estrikti, fonksyon, kwasans, orijin, evolisyon ak distribisyon òganis vivan yo.
Byoloji enpòtan paske li ede nou konprann ki jan bagay vivan yo fonksyone ak kominike sou plizyè nivo, dapre Ansiklopedi “Britannica”. Avans ki fèt nan byoloji yo ede syantifik yo fè anpil bagay, tankou devlope pi bon medikaman ak tretman pou maladi, konprann ki jan yon anviwònman k’ap chanje ka afekte plant ak bèt, pwodwi ase manje pou yon popilasyon imen k’ap grandi epi predi ki jan nouvo manje oubyen adopte yon rejim egzèsis ka afekte kò nou.
Prensip debaz yo nan byoloji modèn
Gen kat (4) prensip ki inifye byoloji modèn, dapre liv “Managing Science” (Springer New York, 2010):
- Teyori selilè se prensip ke tout bèt vivan yo fèt ak inite fondamantal yo rele selil, epi tout selil yo soti nan selil ki deja egziste.
A goch: yon selil plant; A dwat: yon selil animal (moun ak bèt) - Teyori jèn (jenetik) se prensip ke tout bèt vivan yo gen ADN, molekil ki pwograme estrikti ak fonksyon selil yo epi yo transmèt bay pitit yo.
- Omeyostazi se prensip ke tout bèt vivan kenbe yon eta de balans ki pèmèt òganism yo siviv nan anviwònman yo.
- Evolisyon se prensip ki dekri kijan tout bèt vivan ka chanje pou yo gen karakteristik ki pèmèt yo siviv pi byen nan anviwònman yo. Karakteristik sa yo soti nan mitasyon o aza nan jèn òganism lan ke yo “seleksyone” atravè yon pwosesis ki rele seleksyon natirèl. Pandan seleksyon natirèl, òganis ki gen karakteristik ki pi byen adapte pou anviwònman yo gen pi gwo pousantaj pou yo siviv, epi yo pase karakteristik sa yo bay pitit yo.
Anpil branch nan byoloji
Malgre gen sèlman kat prensip ki inifye byoloji modèn, byoloji kouvri yon pakèt sijè ki divize an plizyè disiplin ak soudisiplin.
Nan yon nivo segondè, yo ka konsidere diferan domèn byoloji yo kòm etid yon kalite òganism. Pa egzanp, zooloji se etid bèt yo, botanik se etid plant yo, epi mikrobyoloji se etid mikwo-òganism yo.
Nan domèn sa yo ki pi laj, anpil byolojis espesyalize nan rechèch sou yon sijè oswa pwoblèm espesifik. Pa egzanp, yon syantis ka etidye konpòtman yon sèten espès pwason, pandan ke yon lòt syantis ka fè rechèch sou mekanis newolojik ak chimik ki dèyè konpòtman an.
Gen anpil branch ak soudisiplin nan byoloji, men yon lis kout nan kèk nan domèn an gwo ki tonbe anba banyè byoloji:
Byochimi: Byochimi etidye pwosesis chimik ki fèt nan moun ak bèt vivan oubyen ki gen rapò ak moun ak bèt vivan. Pa egzanp, famakoloji se yon tip de rechèch byochimik ki konsantre sou etidye ki jan medikaman kominike avèk pwodwi chimik ki nan kò a.
Ekoloji: Ekoloji etidye ki jan òganism yo (tout sa ki vivan) kominike avèk anviwònman yo. Pa egzanp, yon ekolojis ka etidye kijan kopòtman moun k’ap viv toupre yon rivyè ka afekte pwason ki ap viv nan rivyè a.
Jenetik: Jenetik etidye eredite. Eredite se pasaj karakteristik byolojik de paran ak pitit, tankou le yon pitit sanble ak papa’l oubyen manman’l, oubyen eritye yon maladi de paran’l yo. Jenetisyen etidye ki jan jèn yo pase pa paran yo bay pitit yo, ak ki jan yo varye de moun a moun. Pa egzanp, syantifik yo te idantifye plizyè jèn ak mitasyon jenetik ki enfliyanse konbyen ane moun viv.
Fizyoloji: Fizyoloji se etid koman tout sa ki vivan (moun ak zannimo) fonksyone. Fizyoloji etidye fonksyon vital yo (fonksyon ki bay lavi) ak pwosesis òganism vivan yo. Fizyolojis yo chèche konprann pwosesis byolojik yo, tankou ki jan yon ògàn an patikilye fonksyone, ki wòl li jwe ak kijan li afekte pa sa ki antoure li. Pa egzanp, fizyolojis yo te etidye ki jan tande mizik ka lakòz chanjman fizik nan kò imen an, tankou yon batman kè pi dousman oswa pi vit.
Nati miltidisiplinè byoloji
Anpil lòt domen souvan enplike nan rechèch byolojik, tankou matematik, jeni ak syans sosyal yo. Men kèk egzanp:
Astwobyoloji se etid evolisyon lavi nan linivè a, ki gen ladan rechèch pou lavi ekstraterès, dapre NASA. Domèn sa a enkòpore prensip byoloji ak astwonomi.
Byoakeyològ yo se byolojis ki enkòpore teknik akeyolojik pou etidye rès eskelèt yo epi tire konpreyansyon sou fason moun te viv nan tan lontan.
Byojeni se aplikasyon prensip jeni nan byoloji e vise vèsa. Pa egzanp, yon bioenjenyè ka devlope yon nouvo teknoloji medikal ki pran pi bon imaj anndan kò a, tankou pi bon aparèy radyografi ak sonografi, oubyen aplike konesans byolojik pou kreye ògàn atifisyèl.
Byoteknoloji enplike nan itilize sistèm byolojik pou devlope pwodwi. Pa egzanp, byoteknolojis nan Larisi jenetikman modifye yon frèz ki gen pi bon gou ak plis rezistans kont maladi.
Byofizik anplwaye prensip fizik yo pou konprann ki jan sistèm byolojik yo fonksyone.
Kisa byolojis yo fè?
Byolojis yo ka travay nan plizyè domèn diferan, tankou rechèch, swen sante, konsèvasyon anviwònman ak atizay. Men kèk egzanp:
Rechèch: Byolojis yo ka fè rechèch nan plizyè tip anviwònman. Mikwobyolojis, pa egzanp, ka etidye kilti bakteri nan yon anviwònman laboratwa. Lòt byolojis ka fè rechèch sou tèren, kote yo obsève bèt oswa plant nan abita natif natal yo. Anpil byolojis ka travay nan laboratwa a ak sou teren – pa egzanp, syantis yo ka kolekte echantiyon tè oswa dlo sou tèren an epi analize an pwofondè nan laboratwa.
Konsèvasyon : Byolojis yo ka ede ak efò k’ap fèt nan konsèvasyon anviwònman an lè yo etidye ak detèmine kijan pou pwoteje ak konsève mond natirèl la pou lavni. Pa egzanp, byolojis yo ka ede edike piblik la sou enpòtans pou konsève abita natirèl yon bèt epi patisipe nan pwogram rekiperasyon pou sispann disparisyon yon espès ki an danje.
Swen Sante : Moun ki etidye byoloji ka kontinye travay nan swen sante, kit yo travay kòm doktè oswa enfimyè, antre nan yon konpayi famasetik pou devlope nouvo medikaman ak vaksen, fè rechèch sou efikasite tretman medikal oubyen devni veterinè pou ede trete bèt ki malad.
Atizay: Byolojis ki gen yon background nan atizay tou gen konesans teknik ak konpetans atistik pou kreye imaj ki ap kominike enfòmasyon byolojik konplèks bay yon gran varyete odyans. Youn nan egzanp se nan ilistrasyon medikal, kote yon ilistratè ka fè rechèch, kolabore ak ekspè yo, epi obsève yon pwosedi medikal pou kreye yon ilistrasyon egzat de yon pati nan kò a.
Hello zanmi’m! Si’w enterese ak jan de atik sa yo ak anpil lòt, ale anba paj la nèt pou’w ka swiv nou sou Facebook!
Tape bouton anba a pou’w ka pataje’l ak zanmi’w yo!
Mèsi anpil!!!