Pandan ane 1870 yo, de envantè tre popilè kreye (design) aparèy ki ki te kapab transmèt son sou kab elektrik, de fason endepandan. Envantè sa yo se te Alexander Graham Bell ak Elisha Gray. Tou de aparèy yo te anrejistre nan biwo patant la nan kèk èdtan youn de lòt. Apre sa, te vin gen yon konfli legal trè chofe sou envansyon telefòn nan, e se Bell ki te ranpote viktwa.
Imaj 1- Alexander Graham Bell
Telegraph ak telefòn sanble anpil nan fason yo kreye, e se pandan Bell t’ap fè tantativ pou amelyore telegraf, li tou jwenn siksè nan envante telefòn.
Telegraph se te yon sistèm kominikasyon ki te gen anpil siksè pandan apeprè 30 ane anvan Bell te kòmanse fè eksperimantasyon avèk li. Pwoblèm prensipal telegraf la se le fè ke li te limite a voye oubyen resevwa yon sèl mesaj. Bell te gen yon bon konpreyansyon sou nati son ak mizik. Sa te pèmèt li wè posiblite pou l transmèt plis pase yon mesaj sou menm fil a la fwa. Lide Bell la pat nouvo, te gen lòt moun anvan l’ ki te anvizaje yon telegraf miltip. Bell te ofri pwòp solisyon li, “Telegraf Amonik”. Sa te baze sou prensip ke moun ka voye plizyè nòt mizik a la fwa sou menm fil la si nòt sa yo diferan nan ton.
Vè la fen ane 1874, eksperyans Bell la te pwogrese ase pou l ‘enfòme manm fanmi pwòch yo sou posibilite pou yon telegraf miltip. Avoka Gardiner Green Hubbard, bòpè Bell, te wè opòtinite pou kraze monopoli Konpayi Telegraph Western Union lan. Li te bay Bell sipò finansyè ki nesesè pou li kontinye travay sou devlopman telegraf miltip la. Sepandan, Bell pa’t mansyone ke li menm ak konplis li, yon lòt jèn elektrisyen entèlijan ki te rele Thomas Watson, t’ap devlope yon lide ki te vin nan tèt li pandan ete a. Lide sa a se te kreye yon aparèy ki ka transmèt vwa moun elektwonikman.
Bell ak Watson te kontinye travay sou telegraf amonik lan nan ensistans Hubbard ak kèk lòt sipòtè finansyè. Pandan mas 1875, Bell te rankontre ak yon nonm ki rele Joseph Henry san Hubbard pat konnen. Joseph Henry se te direktè yon gran enstitisyon (Smithsonian Institution). Li te koute ide Bell la ak anpil atansyon epi ofri mo ankourajman. Bell ak Watson te ankouraje pa opinyon Henry a epi yo te kontinye travay yo avèk plis antouzyasm ak detèminasyon. Nan mwa jen 1875, yo remake ke objektif pou yo te kreye yon aparèy ki ta ka transmèt vwa elektwonikman t’ap reyalize avan lontan. Eksperyans yo te pwouve ke diferan ton tap varye fòs yon kouran elektrik nan yon fil.
Kounye a, tout sa ki te rete pou fèt se konstwi yon aparèy ak yon manbràn apwopriye ki kapab vire ton sa yo an kouran elektwonik varye ak yon reseptè pou repwodwi varyasyon kouran yo epi retransfòme yo nan yon fòma ke moun ka tande nan lòt bout la. Nan kòmansman mwa jen, Bell te dekouvri ke pandan l’ap travay sou telegraf amonik la, li ka tande yon son sou fil la. Se te le 10 mas 1876 ke Bell finalman reyalize siksè ak potansyèl nouvo aparèy li a pou kominikasyon. Posiblite pou pale a travè yon fil elektrik gen plis vale pase sistèm telegraf yo lontan sa.
Dapre nòt ke Bell te ekri nan jou sa a, li dekri ke se pi gwo eksperyans ke li reyalize lè’l sèvi avèk nouvo aparèy li a, telefòn. Bell te pale ak asistan’l lan, Watson, ki te nan lòt chanm lan, atravè enstriman an epi li di “Mesye Watson, vin pale’w, mwen vle pale ak ou.”
Dat enpòtan nan devlopman Telefòn
Imaj 2- Premye telefòn ki te envante
- 1874 – Prensip fonksyonman telefòn te dekouvri.
- 1876 - Alexander Graham Bell envante telefòn, epi bat Elisha Gray nan kous la pa kèk èd tan.
- 1877 – Premye fil deyo pèmanan telefòn te konplete. Li te kouvri yon distans de 5 kilomèt apeprè. Etazini te swiv sa tou de swit epi kreye premye sèvis telefòn komèsyal nan mond lan.
- 1878 – Devlopman teknoloji ki pèmèt tout moun ki abòne ka fè apèl telefonik san yo pa bezwen gen liy elektrik dirèk.
- 1879 – Abòne yo te kòmanse deziyen pa nimewo telefòn. Avan sa yo te konn itilize non yo
- 1880 yo – Sèvis long distans devlope pandan tout peryòd sa a. Yo te sèvi avèk sikwi metalik pou sa.
- 1888 – Sistèm batri komen devlope pa Hammond V. Hayes, epi pèmèt yon sèl batri santral pou alimante tout telefòn sou yon sant, olye ke chak inite te gen pwòp batri pa yo.
- 1891 – Premye sistèm nimewo telefòn otomatik te envante pa yon moun k’ap travay nan vil Kansas. Li te kwè ke operatè yo ki pat fyab te voye kliyan li te ka genyen yo lòt kote. Se te objektif li pou’l elimine operatè sa yo konplètman.
- 1900 – Premye telefòn ki opere ak pyès monnen enstale nan Hartford, Connecticut.
- 1904 – Konpayi Bell develope “Telefòn Fransè”. Sa a te gen transmetè ak reseptè a nan yon aparèy senp.
- 1911 – Konpayi Telefòn ak Telegraf Amerikèn, AT & T (American Telephone and Telegraph) achte konpayi Telegraf Western Union nan yon fason ostil. Yo te achte aksyon (stock) nan konpayi an kachèt jiska 2 konpayi yo vin fe yon sèl.
- 1918 – Yo te estime ke apeprè di milyon (10.000.000) sistèm telefòn Bell te an sèvis atravè peyi Etazini.
- 1927 – Premye sèvis transatlantik soti New York rive a Lond te vin operasyonèl. Siyal la te transmèt pa vag radyo.
- 1936 – Yo te kòmanse fè rechèch sou echanj telefònik elektwonik, epi li te finalman acheve nan ane 1960 yo ak sistèm kominikasyon elektwonik (electronic switching system, SES).
- 1946 – Premye sèvis telefòn mobil komèsyal nan mond lan te antre an fonksyon. Li te ka konekte machin ki an deplasman ak yon rezo telefòn atravè vag radyo.
- 1947 – Teknoloji radyo mikwo-ond itilize pou premye fwa pou apèl long distans.
- 1947 – Yo envante tranzistò nan laboratwa Bell.
- 1955 – Yo komanse mete kab telefòn a travè Oseyan Atlantik la pou konekte kontinan yo.
- 1962 – Premye satelit kominikasyon entènasyonal nan mond lan, Telstar te lanse.
- 1980 yo – Devlopman kab fib optik ofri potansyèl pou fè bokou plis apèl pase satelit oswa mikwo-ond.
1980 a 1990 yo, a prezan – Gwo pwogrè nan teknoloji mikwo-elektwonik sou 2 dènye deseni yo te pèmèt devlopman telefòn selilè (mobil) ogmante nan yon to ki vrèman gran.
Hello zanmi’m! Si’w enterese ak jan de atik sa yo ak anpil lòt, ale anba paj la nèt pou’w ka swiv nou sou Facebook!
Tape bouton anba a pou’w ka pataje’l ak zanmi’w yo!
Mèsi anpil!!!