Kisa Fizyoloji ye?
Fizyoloji se domèn syans ki ede’w konprann kijan sistèm kò ou fonksyone lè yo an sante ak lè yo malad. Pa egzanp, lè poumon’w ap fonskyone byen, li ede transpòte gaz ki soti nan lè a nan san w.
Fizyoloji se etid sou fason kò imen an ap fonksyone. Li dekri chimi ak fizik ki dèyè fonksyon de baz yo nan kò a, sòti nan fason molekil konpòte yo nan selil yo rive nan fason sistèm ògàn yo travay ansanm. Li ede konprann sa k’ap pase lè kò ou an sante ak sa ki mal lè ou malad.
Pifò nan fizyoloji depann sou etid rechèch debaz ki fèt nan yon laboratwa. Gen kèk fizyològ ki etidye pwoteyin inik oubyen selil, pandan ke lòt fizyològ yo ka fè rechèch sou fason selil yo kominike pou fòme tisi, ògàn, ak sistèm nan kò a.
Konpare Fizyoloji ak Anatomi
Anatomi se etid estrikti bèt, plant, ak moun. Fizyoloji se etid sou fason estrikti sa yo fonksyone. Yon eskanè imaj tankou yon radyografi oswa sonografi montre anatomi ou, montre imaj zo ak ligaman. Doktè yo sèvi ak lòt tès — tankou tès pipi ak san oswa elektwokadyogram (EKG) — pou revele detay sou fizyoloji kò ou.
Fizyoloji ak Patofizyoloji
Patofizyoloji se yon syans anndan fizyoloji. Li se etid chanjman nan kò a ki lakòz oswa ki se rezilta blesi oswa maladi.
Pa egzanp, rezon ki fè ou grate apre yon moustik mòde ou se paske li gen istamin nan krache li. Istamin lan mare ak reseptè sou pwent nè (nerfs) nan po ou. Pwent nè sa yo voye siyal nan sèvo a ke mòde a grate.
Oubyen ou ka gen ensifizans kadyak akòz tansyon wo ki pa kontwole. Lè ou gen tansyon wo, kè ou oblije travay pi di ke nòmal pou ponpe san nan tout kò ou. Lè kè ou ap redi konsa pandan kèk tan, li ka febli epi echwe.
Se menm bagay la tou si ou gen maladi ren ki nan etap final, ke yo rele tou ensifizans nan ren (oubyen ensifizans renal). Ren ou yo aji kòm filtè ki retire fatra ak likid siplemantè nan san ou, epi ou mete yo deyò nan pipi. Men, lè yo sispann travay, toksin sa yo pa gen yon kote pou yo sòti epi yo anpile nan kò ou.
Yon lòt egzanp se yon ti entesten, lè ti trip ou (sa ki konekte ak vant ou a) vin konplètman oswa pasyèlman bloke, an jeneral akòz tisi sikatris, èni, oswa kansè nan kolon. Lè sa rive, dechè ak gaz pa ka deplase nan zantray ou, sa ki ka lakòz dlo nan je, enfeksyon, oswa lanmò tisi.
Oswa ou ka gen chòk septik akòz yon enfeksyon. Wol sistèm iminitè’w se konbat enfeksyon, men pafwa li ka atake tisi ak ògàn nòmal ou yo tou. Nan dènye etap yo nan sepsis – ke yo rekonèt kòm chòk septik – enflamasyon ki te koze pa sistèm iminitè ou la fè tansyon ou tonbe, ki ka mennen nan echèk ògàn.
Nan kèk fòm dyabèt, pankreya ou sispann pwodwi kantite ensilin kò ou bezwen pou kontwole sik. Olye pou yo transfòme sik la an enèji, sik la rete nan san ou, sa ki ka lakòz lòt pwoblèm ak lòt gwo ògàn yo, tankou kè oswa ren ou.
Si ou gen yon anbolis poumon, yon boul nan san anpeche san ale nan poumon ou. Sa fè li pi difisil pou’w respire.
Konpare Fizyoloji ak Biyoloji
Fizyoloji se yon pati nan yon syans ki pi laj ki se byoloji. Biyoloji se etid tout aspè nan lavi, tankou:
- Orijin lavi: Kijan lavi a te kòmanse se youn nan kesyon byolojik ki pi gwo, men pa gen anpil konpreyansyon sou li. Pou konprann li pi byen, byolojis yo etidye ADN nan òganism (tout sa ki vivan oubyen ki te vivan) modèn yo pou eseye konekte yo ak yon anyen zansèt komen.
- Kijan lavi repwodwi: Biyoloji repwodiksyon gade ki jan molekil, selil, ak òganis antye — tankou plant ak bèt — repwodui. Sa souvan gen ladann fòmasyon spèm ak selil ze ak pwosesis fètilizasyon.
- Kijan lavi evolye: Konprann ki jan òganism yo adapte yo ak anviwònman yo pandan lontan ede byolojis yo konprann ki fason lavi sou Latè te devlope.
- Kijan lavi grandi: Biyoloji devlopman konsantre sou fason yon sèl selil – tankou yon ze fètilize – pou vin tounen yon estrikti konplèks. Byolojis nan domèn sa a pote anpil atansyon sou chanjman nan fòm, gwosè ak fonksyon yon òganis pandan tout lavi li.
- Ak kisa lavi fòme: Tout bèt vivan yo fòme ak selil, epi byoloji selil vize konprann kijan estrikti ak fonksyon yo kreye lavi.
- Poukisa li konpòte’l jan’l konpote’l la: Byolojis konpòtman etidye moun ak bèt pou yo eseye detèmine ki konpòtman yo aprann ak kilès yo eritye.
Plizyè tip Fizyoloji
Fizyoloji Moun
Fizyoloji imen konsantre sou fason sistèm nan kò ou yo opere, tankou sistèm sikilasyon ou, sistèm iminitè, sistèm nève, ak sistèm respiratwa. Lè yo konprann ki jan yo chak fonksyone lè yo an sante ak lè yo malad, syantis yo ka konprann kijan pou trete maladi.
Fizyoloji Selil
Selil yo se blòk konstriksyon pou tout bèt vivan. Fizyoloji selilè gade sa k’ap pase andedan yo pou kenbe yo vivan, tankou estrikti yo, fonksyon yo, ak fason yo kominike youn ak lòt.
Fizyoloji Plant
Nan fizyoloji plant yo, syantis yo etidye ki jan plant yo grandi ak siviv nan diferan anviwònman. Syantis yo souvan gade metabolism plant yo, fason yo absòbe dlo ak eleman nitritif nan tè a, ak estrikti rasin yo ak tij yo.
Fizyoloji Bèt
Fizyoloji bèt se etid sou fason sistèm ògàn yo ak tisi yo fonksyone nan kò bèt yo. Sa enkli fason yo trete eleman nitritif yo, kontwole tanperati kò yo, epi fason yo reyaji nan anviwònman yo.
Ki sa Fizyoloji anseye nou sou kò a
Doktè yo itilize fizyoloji pou aprann plis sou anpil sistèm ògàn diferan, tankou:
- Sistèm kadyovaskilè – kè ou ak veso sangen yo
- Sistèm dijestif — estoma, trip (entesten), ak lòt ògàn ki dijere manje
- Sistèm andokrin — glann ki fè òmòn, pwodui chimik ki kontwole anpil fonksyon nan kò a
- Sistèm iminitè – defans kò ou kont mikwòb ak maladi
- Sistèm miskilè — misk (muscle, chè nan kò ou) ou itilize pou deplase kò ou
- Sistèm nève — sèvo ou, mwèl epinyè, ak nè (nerfs)
- Sistèm renal (ren) — ren ou ak lòt ògàn ki kontwole likid nan kò ou
- Sistèm repwodiktif — ògàn sèks yo
- Sistèm respiratwa a — poumon ou ak pasaj respirasyon ou yo
- Sistèm skelèt — zo, jwenti, katilaj, ak tisi konjonktif
Pou chak sistèm, fizyoloji fè limyè sou chimi ak fizik estrikti ki enplike yo. Pa egzanp, fizyològ yo ka etidye aktivite elektrik selil nan kè a ki kontwole batman li yo. Oubyen yo ka etidye koman je yo detekte limyè, soti nan fason selil nan retin yo trete patikil limyè yo rele foton ak nan fason je yo voye siyal sou imaj nan sèvo a.
Fizyoloji detemine nan chèche konprann ki jan kò imen an kenbe yon eta fiks pandan l’ap adapte ak kondisyon ki deyò kò a, yon pwosesis ki rele omeyostazi. Li gade ki fason sistèm ògàn ou yo kenbe tanperati kò’w stab nan diferan anviwònman, ak ki jan kò ou kenbe sik nan san ou ak lòt nivo chimik yo konstan menm lè ou manje manje diferan. Sa yo se kalite kesyon fizyològ yo vize reponn.
Fizyoloji nan Medsin
Lè yo bay limyè sou fonksyon nòmal kò a, fizyoloji ka anseye leson sou kisa ki mal fonksyone nan yon maladi. Pa egzanp, fizyològ yo te detemine ki jan diferan kalite selil nan pankreya bay òmòn pou kontwole nivo sik nan san. Sa ede doktè konprann ak trete dyabèt.
Fizyoloji ofri apèsi tou sou fason pou fè kò imen an fonksyone de fason pi efikas. Li souvan fè pati medikaman spò, kote ke lè yo konnen koman kò a adapte ak pwoblèm fizik yo, sa ede gran atlèt yo amelyore pèfòmans yo, evite blesi, epi refè pi vit.
Istwa fizyoloji
Anatomi vizib, epi ansyen doktè ak syantis yo te etidye li atravè diseksyon, operasyon, ak obsèvasyon. Men, fason kò a fonksyone vrèman pi difisil pou eksplore, sa ki fè fizyoloji yon syans ki pi modèn.
Ansyen esksplikasyon sou fason kò imen an fonksyone te souvan baze sou devine sou pwosesis ki te abityèl pou syantifik yo. Pa egzanp, gen kèk moun ki te panse fòmasyon anbriyon an te similè (sanble) ak fason lèt tounen fwomaj. Kèk lòt premye syantis yo te konpare sikilasyon san nan tout kò a ak modèl meteyowolojik (tan).
Nan 17yèm syèk la, mikwoskòp te ede bay nouvo limyè sou selil ki fòme kò imen an, ki vin bay yon nouvo konpreyansyon fizyoloji. Resaman (pa lontan sa), zouti tankou teknoloji sekans jèn yo ak nouvo tip analiz kò te bay fizyològ yo yon vizyon elaji de kò imen an.
Konklizyon
Fizyoloji se yon branch nan byoloji ki etidye kijan tout òganis vivan, tankou moun, bèt, ak mikwo-oganism, opere. Li chèche konprann poukisa kò nou gen sèten fonksyon – tankou respire oswa dijere manje – epi li vize konprann ki jan tout sistèm ògàn diferan nou yo travay pou kenbe nou vivan ak an sante. Nan etid fizyoloji, syantis yo ka aprann plis sou fason pou kenbe kò nou an bòn sante.
Hello zanmi’m! Si’w enterese ak jan de atik sa yo ak anpil lòt, ale anba paj la nèt pou’w ka swiv nou sou Facebook!
Tape bouton anba a pou’w ka pataje’l ak zanmi’w yo!
Mèsi anpil!!!