Dyagnostik
Lè ou ale kay doktè pou lestomak fèmal, anpil fwa premye bagay ekip medikal la tcheke se pou kriz kradyak, paske li ka menase lavi. Pwofesyonèl medikal yo ap tcheke tou pou kondisyon poumon ki ka mòtelman menasan – tankou yon poumon ki andomaje oswa ki gen boul san.
Tès imedya yo
Kèk nan premye tès yo fè pou chache kòz doulè nan pwatrin yo se:
- Elektwokadyogram (ECG oubyen EKG). Tès rapid sa a montre kijan kè a ap bat. Tès la ka di si ou fè kriz kadyak.
- Tès san. Gen sèten pwoteyin kè ak lòt sibstans ki koule nan san aprè yon kriz kadyak. Tès san ap ede yo tcheke sibstans sa yo.
- Radyografi nan pwatrin. Sa ap montre kondisyon poumon yo ak gwosè epi fòm kè a, ki ap ede yo detekte maladi nemoni (pneumonie) oswa yon poumon ki andomaje.
- Tomografi òdinatè (CT scan). Yon CT scan itilize radyografi pou kreye imaj pati spesifik nan kò a. Yon CT scan nan pwatrin ka detekte san kaye ki nan poumon ak diseksyon aortik.
Selon rezilta premye tès yo pou doulè nan pwatrin, ou ka bezwen plis tès, ki ka gen ladan yo: Ekokadyogram, Anjyografi koronè CT, Tès strès egzèsis fizik, Kateterizasyon.

Elektwokadyogram

Radyografi
Tretman
Tretman pou doulè nan pwatrin depann de koz doulè a.
A. Medikaman
Men kèk medikaman yo itilize pou trete kòz doulè nan pwatrin yo:
- Nitroglycerin. Yo ba ou medikaman sa a lè doulè nan pwatrin lan soti nan atè (artère) ki bloke nan kè a. Medikaman an detann atè (artère) kè yo pou san an ka sikile pi fasil.
- Medikaman pou tansyon. Gen kèk medikaman pou tansyon ki detann epi elaji veso sangen yo tou. Sa ka soulaje doulè nan pwatrin ki gen rapò ak kè a.
- Aspirin. Si doulè nan pwatrin ou gen rapò ak kè w, yo ka ba w aspirin, ki fè pati tretman pou pasyan ki ka genyen blokaj nan atè (artère) kè yo.
- Medikaman pou kraze boul san, yo rele yo tou tronbolitik. Si wap fè yon kriz kadyak, ou ka pran medikaman sa yo. Yap kraze ti boul san yo, ki konn anpeche san sikile byen nan kè a.
- Medikaman pou fluidifye san. Si ou gen yon boul nan yon atè (artère) ki ale nan kè ou oswa nan poumon ou, ou ka pran medikaman sa yo pou anpeche boul san a lavni.
- Medikaman ki diminye asid. Medikaman sa yo diminye asid nan lestomak. Yo ka sijere yo si ou gen kè brile.
- Medikaman kont enkyetid. Si ou fè kriz panik, yo ka rekòmande medikaman sa yo. Yo ka sijere terapi tou pou kalme w.
B. Pwosedi chirijikal (operasyon) ak lòt pwosedi
Gen lòt tretman pou doulè pwatrin ki pi danjere. Men kèk:
- Anjyoplasti ak plasman stent.
- Operasyon pontaj atè koronè (CABG).
- Operasyon reparasyon ijans.
- Regonflaj poumon.