Yon Apèsi
Doulè nan pwatrin parèt sou anpil fòm, pafwa tankou yon kout kouto byen file, pafwa tou yon senp ti doulè. Nan sèten ka, doulè a moute jouk nan kou ak nan machwè epi gaye nan do’w oubyen desann nan youn oswa toude bra ou.
Anpil pwoblèm diferan ka lakòz doulè nan pwatrin. Koz ki pi menasan pou lavi yo gen pou wè ak ak kè oswa poumon. Piske doulè nan pwatrin yo ka koze pa yon pwoblèm grav, li enpòtan pou chèche èd medikal imedya.
Sentom yo
Doulè nan pwatrin yo ka santi diferan selon sa ki deklanche sentom lan. Souvan, koz la pa gen anyen pou wè ak kè ou – malgre w’ap mal pou konnen a mwens ke ou wè yon doktè.
Sentom doulè nan pwatrin ki gen rapò ak kè
Doulè nan pwatrin souvan asosye ak maladi kè. Men, anpil moun ki gen maladi kè di ke yo gen yon ti malèz ke yo pa t’ap reyèlman rele doulè. Malèz nan pwatrin ki koze pa yon atak kè oswa yon lòt pwoblèm kè, men koman yo ka santi:
- Ou santi yon bagay ap peze ou nan pwatrin ou, pwatrin ou plen, pwatrin ou ap boule’w oubyen ou santi’l sere.
- Gwo doulè ki gaye nan do, kou, machwè, zepòl, ak youn oswa toude bra ou.
- Doulè ki dire plis pase kèk minit, ki vin pi mal lè w’ap fè yon bagay, ki fè ale vini, oswa ki varye nan entansite.
- Souf ou kout.
- W’ap swe san ou pa cho ni ou pap fè aktivite fizik.
- Vètij (tet vire) oswa feblès.
- Batman kè ki rapid.
- Kè plen oswa vomisman.
Lòt kalite doulè nan pwatrin
Li ka difisil pou detèmine si doulè nan pwatrin ou yo gen rapò ak kè a oswa si yo koze pa yon lòt bagay. Anjeneral, doulè nan pwatrin gen anpil chans pou’l pa gen rapò ak kè si li akonpaye ak sa yo:
- Yon gou si oubyen yon sansasyon manje k’ap re-antre nan bouch ou
- Pwoblèm pou vale
- Doulè ki ogmante oubyen diminye lè w chanje pozisyon kò ou
- Doulè ki agrave lè ou respire pwofondman oswa touse
- Sansiblite lè ou pouse sou pwatrin ou
- Doulè ki kontinye pandan plizyè èd tan
Sentom abityèl asid (kè boule) – yon sansasyon doulè ak boule dèyè zo pwatrin ou, ka koze swa pa pwoblèm nan kè oubyen pwoblèm nan estoma’w.
Kisa ki lakoz doulè nan pwatrin?
Doulè nan pwatrin gen anpil kòz posib, yo tout bezwen swen medikal.
Kòz ki gen rapò ak kè
Men kèk egzanp sou kòz doulè nan pwatrin ki gen rapò ak kè:
- Anjin. Sa se doulè nan pwatrin ki koze lè san pa byen sikile nan kè a. Sa souvan koze pa akimilasyon plak pwens anndan atè (artere) yo ki pote san nan kè a. Plak sa yo yon jan bloke atè yo epi mete restriksyon sou kantite ki nan kè a, sitou pandan aktivite fizik.
- Kriz kadyak. Yon kriz kadyak se rezilta lè sikilasyon san bloke nan misk (muscle, vyann nan kò) kè a, ki souvan koze pa yon boul san. Anjin ka sentom prensipal ou santi pandan yon atak kè.
- Diseksyon aòrtik (Aortique). Kondisyon sa a ki ka mòtèl enplike atè prensipal ki soti nan kè a, ki rele aòrt (aorte). Si kouch anndan veso sangen sa a separe, li fòse san soti nan mitan kouch yo epi li ka lakòz aòrt la rache.
- Enflamasyon sak ki antoure kè a, yo rele perikadit (péricardite). Kondisyon sa a jeneralman lakòz gwo doulè ki vin pi mal lè w respire oswa lè w kouche.
Kòz dijestif yo
Doulè nan pwatrin yo ka koze tou pa maladi nan sistèm dijestif la, tankou:
- Asid (Kè boule). Sa se yon sansasyon boule ki dèyè zo pwatrin ou. Li rive lè asid nan vant (estoma) ou monte nan tib ki konekte gòj ou ak vant ou. Tib sa a rele ezofaj (œsophage).
- Maladi mal pou vale. Pwoblèm nan èzofaj yo ka fè li difisil e menm douloure pou’w vale.
- Pwoblèm nan vezikil bilyè (vésicule biliaire) oubyen nan pankreya. Pyè bilyè oswa enflamasyon nan vezikil bilyè oswa pankreya ka lakòz doulè nan lestomak ki gaye nan pwatrin ou.
Koz Misk (muscle) ak zo
Gen kèk kalite doulè nan pwatrin ki asosye ak blesi ak lòt pwoblèm ki afekte estrikti ki fòme miray pwatrin lan. Kondisyon sa yo gen ladan yo:
- Kostokondrit (Costochondrite). Nan kondisyon sa a, katilaj ki nan kaj torasik la vin anflame ak douloure.
- Misk fè mal. Sendwom doulè kwonik, tankou fibwomyalji (fibromyalgie), ka lakòz doulè alontèm ki afekte misk pwatrin yo.
- Blesi nan zo kòt. Yon kòt ki fele oswa kase ka lakòz doulè nan pwatrin.
Koz ki gen rapò ak poumon
Anpil pwoblèm nan poumon ka lakòz doulè nan pwatrin, tankou:
- Yon boul san nan poumon, yo rele anboli poumon (embolie pulmonaire). Yon boul san ki bloke nan yon atè nan poumon ka bloke sikilasyon san nan tisi poumon.
- Enflamasyon manbràn ki kouvri poumon yo, ki rele plerezi (pleurésie). Kondisyon sa a lakòz doulè nan pwatrin ki vin pi mal lè ou respire oswa touse.
- Poumon efondre. Doulè nan pwatrin ki koze pa poumon efondre jeneralman kòmanse sanzatann. Li ka dire pou plizye èd tan. Anjeneral li lakòz souf kout. Poumon efondre rive lè lè antre nan espas ki nan mitan poumon ak zo kòt yo.
- Tansyon wo nan atè nan poumon yo, yo rele ipètansyon pilmonè (hypertension pulmonaire). Kondisyon sa a afekte atè ki pote san nan poumon yo. Li ka lakòz doulè nan pwatrin.
Kèk Lòt Koz
Doulè nan pwatrin yo ka koze tou pa:
- Atak panik. Si ou gen peryòd perèz entans ak doulè nan pwatrin, ou ka gen yon atak panik. Sentòm atak panik gen ladan tou yon batman kè rapid, respirasyon rapid, swe anpil, souf kout, kè plen, vètij epi ou pè lanmò.
- Zona. Sa se yon kondisyon ki lakòz doulè entans ak yon bann ti anpoul soti nan do rive ozalantou pwatrin.
Hello zanmi’m! Si’w enterese ak jan de atik sa yo ak anpil lòt, ale anba paj la nèt pou’w ka swiv nou sou Facebook!
Tape bouton anba a pou’w ka pataje’l ak zanmi’w yo!
Mèsi anpil!!!