Apèsi sou dyabèt
Dyabèt refere a yon gwoup maladi ki afekte fason kò a itilize sik (glikoz) nan san. Maladi sa yo rive lè ko a pa ka pwodwi ase insilin (insuline) oubyen li pa ka itilize insilin kòm sa dwa. N’ap wè kisa insilin lan ye pi devan. Glikoz se yon sous enèji enpòtan pou selil ki fòme misk (muscle) yo ak tisi yo. Li se sous prensipal enèji nan sèvo a tou.
Kòz prensipal dyabèt varye selon kalite. Men, kèlkeswa kalite dyabèt ou genyen, li ka vin bay eksè sik nan san. Twòp sik nan san ka mennen nan pwoblèm sante grav.
Kondisyon dyabèt kwonik (ki pesiste pandan anpil tan) gen ladan dyabèt tip 1 ak dyabèt tip 2. 90-95% ka dyabèt yo se tip 2, epi 5-10% se dyabèt tip 1. Kondisyon dyabèt ki revèsib (ki ka elimine) gen ladan predyabèt ak dyabèt jestasyonèl. Predyabèt rive lè nivo sik nan san pi wo ke li ta dwe ye, men, li pa wo ase yo ta rele’l dyabèt. Predyabèt ka vin bay dyabèt si yo pa pran mezi pou anpeche li. Dyabèt jestasyonèl rive pandan gwosès, men li ka disparèt apre tibebe a fin fèt.
Sentòm dyabèt yo
Sentòm dyabèt yo depann de nivo sik nan san ou. Gen kèk moun, sitou si yo gen predyabèt, dyabèt jestasyonèl, oswa dyabèt tip 2 , ki pa gen sentòm. Nan dyabèt tip 1 , sentòm yo gen tandans vin rapid epi yo pi grav.
Kèk nan sentòm dyabèt tip 1 ak dyabèt tip 2 yo se:
- Santi plis swaf ke nòmal.
- Pipi souvan.
- Pèdi pwa san’w pa eseye.
- Prezans ketonn (cétones) nan pipi. Ketonn se yon dekonpozisyon nan misk ak grès ki rive lè pa gen ase ensilin ki disponib.
- Fatig ak feblès.
- Ou santi w chimerik (enève fasil) oswa ou gen lòt chanjman nan atitid ou.
- Ou gen twoub vizyon.
- Ou gen maleng ki pran anpil tan pou geri.
- Ou vin gen anpil enfeksyon, tankou nan jansiv, po ak enfeksyon nan vajen.
Dyabèt tip 1 ka kòmanse a nenpòt laj. Men, li souvan kòmanse pandan anfans oswa adolesans. Dyabèt tip 2, ki pi komen pase tip 1, ka devlope a nenpòt laj. Dyabèt tip 2 pi komen nan moun ki gen plis pase 40 an. Men, de jou an jou, vin gen plis ka dyabèt tip 2 nan timoun.
Kilè pou’w wè yon doktè?
- Si w panse oumenm oswa pitit ou a ka gen dyabèt. Si w remake ou gen nenpòt sentòm dyabèt posib, kontakte founisè swen sante w. Pi bonè yo dyagnostike kondisyon an, se pi bonè tretman an ka kòmanse.
- Si ou te deja dyagnostike ak dyabèt. Apre ou fin resevwa dyagnostik ou, w’ap bezwen plizyè swivi medikal jiskaske nivo sik nan san ou stabilize.
Koz dyabèt yo
Pou konprann dyabèt, li enpòtan pou w konprann ki jan kò a itilize glikoz nòmalman.
Men ki jan ensilin fonksyone
Ensilin se yon òmòn ki soti nan yon glann dèyè ak anba vant ou (pankreya).
- Pankreya a libere ensilin nan san ou.
- Ensilin lan sikile, sa ki kite sik antre nan selil yo.
- Ensilin lan diminye kantite sik nan san an.
- Pandan nivo sik nan san an ap bese, sekresyon ensilin nan pankreya a ap diminye tou.
Wòl glikoz
Glikoz – yon sik – se yon sous enèji pou selil ki fòme misk yo ak lòt tisi yo.
- Glikoz soti nan de sous prensipal: manje ak fwa ou.
- San an absobe sik la, kote li antre nan selil yo avèk èd ensilin.
- Fwa a stoke ak pwodwi glikoz.
- Lè nivo glikoz yo ba, tankou lè ou pat manje pandan yon bon ti tan, fwa a kraze glikojèn (stok glikoz) ki te stoke yo an glikoz. Sa a kenbe nivo glikoz ou nan yon nivo nòmal.
Yo pa konnen kòz egzak pifò kalite dyabèt. Nan tout ka yo, sik anpile nan san an. Sa rive paske pankreya a pa pwodwi ase ensilin. Ni dyabèt tip 1 ak tip 2 ka koze pa yon konbinezon de faktè jenetik oswa anviwònmantal. Li pa fin klè kisa faktè sa yo ka ye.
Faktè risk: kisa ki ka ogmante risk pou yon moun fè dyabèt?
Faktè risk pou dyabèt depann de kalite dyabèt la. Istwa sante fanmi ka jwe yon pati nan tout tip yo. Faktè anviwònman ak jewografi ka ogmante risk pou dyabèt tip 1.
Pafwa manm fanmi moun ki gen dyabèt tip 1 yo pase tès pou prezans selil sistèm iminitè dyabèt yo (oto-antikò). Si ou gen oto-antikò sa yo, ou gen yon pi gwo risk pou devlope dyabèt tip 1. Men, se pa tout moun ki gen oto-antikò sa yo ki devlope dyabèt.
Ras oubyen etnisite ka ogmante risk pou w devlope dyabèt tip 2 tou. Malgre rezon an pa klè, sèten moun – tankou moun Nwa, Panyòl, Endyen Ameriken ak Aziatik Ameriken – gen pi gwo risk.
Predyabèt, dyabèt tip 2 ak dyabèt jestasyonèl yo pi komen nan moun ki twò gwo oswa ki obèz.
Konplikasyon: Ki lot pwoblèm dyabèt ka lakoz?
Konplikasyon alontèm dyabèt devlope piti piti. Plis dyabèt la dire – ak mwens sik nan san ou kontwole – se pi gwo risk pou’w gen konplikasyon. Evantyèlman, konplikasyon dyabèt yo ka lakoz enfimite oswa menm menase vi’w. Konplikasyon posib yo gen ladan yo:
- Maladi kè ak veso sangen (kadyovaskilè). Dyabèt sitou ogmante risk pou anpil pwoblèm kè. Sa ka gen ladann maladi atè kowonè (artere coronaire) ak doulè nan pwatrin (anjin), atak kè, konjesyon serebral ak rediksyon nan atè (ateroskleroz). Si’w gen dyabèt, ou gen plis chans pou w fè maladi kè oswa konjesyon serebral (stwok).
- Domaj nè (nerf) ki soti nan dyabèt (neropati dyabetik). Twòp sik ka blese mi ti veso sangen yo (kapilè) ki nouri nè yo, espesyalman nan pye ou. Sa ka lakòz pikotman, pèt sansasyon, brili oswa doulè ki jeneralman kòmanse nan pwent zòtèy yo oubyen dwèt yo epi pwopaje nan pati anlè ko a piti piti.
Domaj nan nè ki gen rapò ak dijesyon ka lakòz pwoblèm kè plen, vomisman, dyare oswa konstipasyon. Pou gason, li ka mennen nan malfonksyònman erektil (pati’w paka kanpe). - Domaj nan ren ki soti nan dyabèt (nefropati dyabetik). Ren yo kenbe plizyè milyon ti grap veso sangen ki filtre debri nan san ou. Dyabèt ka domaje sistèm filtraj enpotan sa a.
- Domaj nan je ki soti nan dyabèt (retinopati dyabetik). Dyabèt ka domaje veso sangen je yo. Sa ka vin koz ou avèg.
- Domaj nan pye. Domaj nè nan pye yo oswa move sikilasyon san nan pye ogmante risk pou anpil konplikasyon nan pye.
- Kondisyon po ak bouch. Dyabèt ka fè ou gen plis tandans gen pwoblèm nan po, tankou enfeksyon bakteri ak chanpiyon.
- Defisyans tande. Pwoblèm tande pi komen nan moun ki gen dyabèt.
- Maladi alzayme . Dyabèt tip 2 ka ogmante risk pou demans, tankou maladi alzayme.
- Depresyon ki gen rapò ak dyabèt . Sentòm depresyon yo komen nan moun ki gen dyabèt tip 1 ak tip 2.
Konplikasyon dyabèt jestasyonèl
Pifò fanm ki gen dyabèt jestasyonèl akouche tibebe ki an sante. Sepandan, nivo sik nan san yo ki pa trete oswa ki san kontwòl ka lakòz pwoblèm pou ou menm ak tibebe w la.
Konplikasyon nan tibebe w la ka koze pa dyabèt jestasyonèl, tankou:
- Gwosi twòp. Eksè glikoz ka travèse plasanta a. Eksè glikoz deklanche pankreya ti bebe a pou pwodwi twop insilin. Sa ka lakòz tibebe w la vin twò gwo. Li ka vin bay yon akouchman difisil, epi pafwa nesesite pou sezaryen.
- Nivo sik ba nan san. Pafwa bebe yon manman ki gen dyabèt jestasyonèl devlope nivo sik ba nan san (ipoglisemi) yon ti tan apre nesans. Sa a se paske pwòp pwodiksyon ensilin yo wo.
- Dyabèt tip 2 pita nan lavi. Tibebe manman ki gen dyabèt jestasyonèl yo gen plis risk pou yo devlope obezite ak dyabèt tip 2 le yo komanse antre an aj.
- Lanmò. Dyabèt jestasyonèl ki pa trete ka mennen nan lanmò yon ti bebe swa anvan oubyen yon ti tan apre nesans yo.
Dyabèt jestasyonèl ka lakoz konplikasyon nan manman an tou, tankou:
- Preeklanpsi . Sentòm kondisyon sa a gen ladan tansyon wo, twòp pwoteyin nan pipi, ak janm ak pye anfle.
- Dyabèt jestasyonèl. Si w te gen dyabèt jestasyonèl nan yon gwosès, ou gen plis chans pou w genyen’l ankò nan yon pwochen gwosès.
Prevansyon: koman pou’w anpeche dyabèt
Dyabèt tip 1 pa ka prevni. Men, chwa stil de vi ki bon pou sante ki ka ede trete predyabèt, dyabèt tip 2 ak dyabèt jestasyonèl yo kapab ede anpeche yo tou:
- Manje manje ki bon pou sante. Chwazi manje ki pa gen twòp grès ak kalori epi ki gen anpil fib. Konsantre sou fwi, legim ak grenn an antye. Manje yon varyete pou pa santi w anwiye.
- Fe plis aktivite fizik. Bat pou’w fè omwen 30 minit nan egzesis modere nan pifò jou nan semèn nan. Oswa vize pou w fè omwen 150 minit nan aktivite ayewobik modere pa semèn. Pa egzanp, fè yon ti mache pandan 30 minit chak jou. Si ou pa ka fè sa yon sèl kou, fè li ti kras pa ti kras.
- Pèdi eksè pwa si ou twò gwo. Si ou twò gwo, si ou pèdi menm 7% nan pwa kò’w, ou ka diminye risk pou dyabèt. Pou egzanp, si ou peze 200 liv (90.7 kilogram), pèdi 14 liv (6.4 kilogram) ka diminye risk pou dyabèt.
Men, pa eseye pèdi pwa pandan gwosès. Pale ak doktè ou sou ki kantite pwa ou ta dwe pran lè ou ansent.
Pou kenbe pwa ou nan yon nivo ki bon pou sante, travay sou chanjman alontèm nan manje ou manje ak abitid fè egzèsis. Sonje benefis ki genyen nan pèdi pwa, tankou yon kè ki an sante, plis enèji, ak plis estim nan pwòp tèt ou.
Pafwa medikaman se yon opsyon. Medikaman dyabèt oral tankou metformin (Glumetza, Fortamet, ak lòt) ka diminye risk pou dyabèt tip 2. Men, chwa stil de vi ki bon pou sante yo enpòtan. Si ou gen predyabèt, fè tcheke sik nan san ou omwen yon fwa pa ane pou asire w ke ou pat devlope dyabèt tip 2.
Hello zanmi’m! Si’w enterese ak jan de atik sa yo ak anpil lòt, ale anba paj la nèt pou’w ka swiv nou sou Facebook!
Tape bouton anba a pou’w ka pataje’l ak zanmi’w yo!
Mèsi anpil!!!