1- Kontante’w ak medyokrite
Youn nan baryè kwasans pèsonèl ak pwofesyonèl se lè ou kontante ak medyokrite, le’w satisfè ak dakò ak sitiyasyon mizè ak povrete moman prezan an. Se yon pyèj ke anpil moun tonbe ladann san yo pa menm reyalize li, epi li ka diminye ak afekte potansyèl ou nan fason ou ka mal pou konprann.
Kidonk, ou pa ta dwe janm souzestime potansyèl ou, men toujou vize pou ekselans nan tout sa w ap fè. Lè w fè sa, w’ap etone ak gwo reyalizasyon enkwayab ou pral akonpli. Lè ou aksepte epi kontante’w ak medyokrite, san ou pa konnen ou mete yon limit sou potansyèl pou’w reyalize rèv ou ak objektif ou.
Sepandan, lè ou chwazi pouse tèt ou pou rive atenn ekselans, ou debloke talan ki kache avèk plis detèminasyon nan nou, jiskaske ou rive akonpli bagay ou panse ki te enposib
2- Lè ou pa kwè nan pouvwa ou
Pafwa, nou gen dout sou tèt nou, e sa ka yon gwo pwoblèm lè nou vle fè progrè nan lavi pèsonèl ak travay nou. Men, sa pou konnen, sè ke ou se yon moun ekstraodine, epi premye etap la nan reyalize yon gwo bagay se kwè nan tèt ou.
Lè w kòmanse doute tèt ou, se tankou yon ti vwa nan tèt ou k’ap di “Ah, ou pa entelijan ase pou sa”, e sa ka anpeche’w pouswiv objektif ou.
Sepandan, ou gen pouvwa pou’w kraze dout sa ou gen sou tèt ou a. Li enpòtan pou’w konnen ke menm moun ki fe gwo siksè yo te gen dout ak moman difisil tou sou wout yo pou yo reyisi. Ki sa ki te fè yo diferan se ke yo te kontinye kwè nan tèt yo, menm lè bagay yo te vin difisil.
3- Lè ou distrè fasil
Pou’w goumen kont distraksyon, ou ta dwe devlope kèk bon abitid k’ap ede ou konsantre epi rete disipline. Bagay ki senp tankou fikse objektif klè pou tèt ou epi fè yon pa an avan chak jou ka fè yon gwo diferans.
Kidonk, menmsi gen anpil distraksyon nan mond modèn lan, ou ka toujou fè bagay ekstraodinè si ou entwi lespri ou pou’l rete konsantre.
4- Konpare tèt ou ak lòt moun
Lè ou konpare tèt ou ak lòt moun, souvan ou ka vin santi ke ou pa bon (entelijan) ase. Men, konnen ke pa gen 2 moun ki egzakteman menm jan. Lavi tout moun diferan.
Lè’w anbrase fason ou inik, w’ap pwofite de pwòp fòs ou, enterè’w, ak eksperyans ou. Yo se zouti ki pi pwisan ou genyen. Sonje byen, ou poukont ou nan kous la, epi pa gen moun ki pral rayalize rèv ou pou ou. Si ou vle fè pwogre, sa a se youn nan bagay ou dwe evite a tou pri.
5- Rete nan zòn konfò ou
Le ou nan zòn konfò ou, ou santi ou an sekirite paske ou pa gen pou’w enkyete’w de okenn risk. Sepandan, menm jan an tou, sa ka bloke anpil opòtinite ou te ke ka genyen pou’w fè pwogrè.
Lè ou soti yon zòn konfò ou, ou ekspoze tèt ou a nouvo eksperyans ak opòtinite pou aprann.
Defi (pwojè ki mande anpil travay ak dedikasyon) yo se sitiyasyon kote kwasans reyèl rive. Yo pouse ou devlope nouvo konpetans, jwenn nouvo pèspektiv, ak bati detèminasyon.
Si se ti bagay fasil selman ou dispoze pou’w fè, ou pap janm rive okenn kote.
Kidonk, olye ke ou evite defi (pwojè ki difisil), anbrase yo kòm etap nan vwayaj ou nan direksyon devlopman pèsonèl ak pwofesyonèl ou. Se yo k’ap ede’w dekouvri potansyèl ou.
6- Lè ou pa gen disiplin
Pou reyalize objektif ou yo, li esansyèl pou kiltive disiplin nan aktivite chak jou yo. San disiplin, ou ka distrè fasil, epi pwokrastinasyon ak mank angajman ka anglouti’w.
Sepandan, lè w etabli demach ki byen fèt ak swiv yo strikteman, ou bati fondasyon’w pou pwogrè. Sa vle di fikse objektif spesifik, kreye yon delè (dat limit pou’w reyalize’l), epi kenbe tèt ou responsab. Disiplin se fason ou simonte tout obstak oswa tantasyon.
Aprè yon tan, pandan ou toujou ap pratike disiplin, li vin tounen yon abitid pwisan ki pouse w nan objektif ou.
7- Pa pran responsablite pou aksyon ou yo
Lè w pran responsablite pou aksyon w, ni sa ki pozitif ak sa ki negatif, sa demontre matirite ak responsablite. Li se yon pratik ki pèmèt ou pran leson ki gen anpil valè epi jwenn kwasans pèsonèl nan chak eksperyans.
Lè ou aktivman rekonèt aksyon ou yo, ou kreye yon opòtinite pou reflechi sou pwòp tèt ou ak amelyore pwòp tèt ou.
Li pèmèt ou tounen chak eksperyans, kit se bon oswa movè, kom yon zouti ki ba’w plis matirite ak yon sans akonplisman.
8- Konsantre sou pase ou
Itilize pase ou kòm yon pwofesè, men fè atansyon pou’w pa bloke ladann.
Potansyèl kwasans ou se nan tan kap vini an (future) li ye, pa nan konsantre sou sa ki te deja rive. Reflechi sou eksperyans pase ou yo ka baw konsèy ak bon konprann.
Li pèmèt ou aprann de erè’w, selebre siksè’w, epi fè bon chwa lè w ap avanse.
Konsantre enèji ou sou lavni, kote potansyèl kwasans ou ak nouvo reyalizasyon ap tann ou. Men, fè li ak bon konprann ak sa ou aprann de aksyon pase ou yo.
9- Pa panse de fason kritik (lojikman)
Olye ke ou senpleman aksepte tout bagay jan yo vini an, poze kesyon, analize, ak inove.
Lè w sèvi ak panse kritik ou, ou vin gen plis disènman ak plis resous pou’w rezoud pwoblèm.
Ou pa gade bagay yo vay ke vay. Ou fouye pi fon pou konprann kòz pwoblèm yo depi nan rasin yo. Panse kritik pèmèt ou vini ak solisyon kreyatif epi pran desizyon ki byen fonde. Li ba’w kapasite pou’w abòde pwoblèm konplèks ak konfyans ak kreyativite.
10- Rete nan relasyon ki toksik
Relasyon toksik yo ka tankou yo vanpi ki souse enèji’w, retire eksitasyon ou ak afekte kwasans pèsonèl ou. Kidonk, fè tout sa ou kapab pou’w evite yo.Le ou nan konpayi moun ki toksik, ou ka santi ou an detrès emosyonèlman epi tèt ou vide.
Okontrè, relasyon pozitif bay sipò, ankourajman, senpati, ak enspirasyon ki nesesè pou fleri. Yo ofri yon anviwònman ki an sekirite e ankourajan kote ou ka pouswiv objektif ou ak rèv ou.
Lè ou antoure tèt ou ak moun ki vrèman sousye de byennèt ou ak kwasans ou, w’ap twouve li pi fasil pou avanse vè lavan.
11- Swiv lòt moun san ou pa konnen valè yo
Jou sa yo, li vreman fasil pou’w tonbe nan yon seri de tandans, epi swiv sa ki popilè avègleman. Men, si w fè li san w pa reflechi, ou ka antre nan yon wout ki mennen nan destinasyon yon lòt moun.
Tandans ak moun ki gen anpil pouvwa souvan ofri’w eksitasyon. Yo fè nou vle fè pati yon bagay ki gwo oswa ba nou chans pou nou gen siksè menm jan ak moun ke n’ap swiv. Poutan, ou pa reyalize ke w’ap gaspiye tout enèji’w nan siksè yon lòt moun (Jwe foutbòl prefere’w, yon moun ou pase tout tanw ap swiv sou Tiktòk, etc.)
Se poutèt sa li enpòtan pou w pran yon ti moman pou w reflechi. Olye pou w konte sou lòt fòs deyò pou ede w, ou dwe kòmanse ede tèt ou.
12- Panse negatif
Negativite se yon nyaj ki bloke jijman ou. Li bese konfyans nan tèt ou ak anpeche kwasans ou. Sepandan, yon atitid pozitif se yon zouti enpotan nan pòch ou. Li pèmèt ou trete move eksperyans ou yo kòm opòtinite pou’w aprann ak grandi.
Lè w kiltive pozitivite nan panse w ak aksyon w, ou kreye yon anviwonman ki pi favorab pou w eksplore enterè w. Fè yon gran efò pou ranplase dout sou tèt ou ak negativite ak optimism ak kwayans nan tèt ou.
13- Plenyen san ou pa fè okenn aksyon
Menmsi plenyen se yon fason komen pou fè fas ak pwoblèm, an jeneral li pap rezoud move sitiyasyon ke ou twouve ou la. Olye pou yo pèdi tan nan plede plenyen plenyen, li pi pwodiktif ak efikas pou fe aksyon ki entelijan e planifye pou rezoud pwoblèm.
Lè ou plenyen san ou pa fè okenn aksyon, ou tonbe nan yon sik fristrasyon ki pa janm fini. Se jis yon gaspiyaj tan paske anyen pa janm chanje. Men, lè w sèvi ak menm enèji sa a pou w detèmine kisa ki lakòz enkyetid ou yo, vini ak repons posib epi mete yo an aksyon, ou vin jwe yon wòl aktif nan pran pwòp lavi w an chaj.
Kidonk, pwochèn fwa w ap fè fas ak pwoblèm, sonje ke se aksyon ki mennen nan chanjman, pa plenyen.
14- Pa konsantre sou kreyativite
Kreyativite se tankou gaz nan motè inovasyon ak kwasans ou. Lè ou anbrase ak kiltive kapasite kreyatif ou, ou louvri pòt nan nouvo pèspektiv ak solisyon.
Kreyativite se sa ki pral fè ou depase nivo òdinè. Li pèmèt ou apwoche pwoblèm ak yon lespri klè, eseye diferan apwòch, epi dekouvri solisyon inovan ki ka pouse ou pi devan.
15- Viv pou fè lòt moun plezi
Youn nan bagay ki pi enpòtan nan kwasans pèsonèl ou jwenn yon balans ant sousye de sa lòt moun panse ak swiv pwòp objektif ou.
Menmsi li enpòtan pou’w valorize epi respekte opinyon moun ki bò kote w, li enpòtan tou pou w evite viv lavi w sèlman pou’w fè lòt moun plezi. Lè w fè sa, sa ka ralanti pwogrè w epi anpeche w grandi kòm yon moun.
Dekouvèt pwòp tèt ou enpòtan si ou vle lavi ou an liy ak aspirasyon ou ak objektif ou. Konprann ke vwayaj ou a inik. Pandan ke jwenn konsèy ak opinyon nan men lòt moun ka itil, se ou menm ki dwe moun ki dèyè volan machin lavi ou.
Sa yo se te 15 bagay ou dwe evite si ou vle fè pwogre. Sonje byen, kwasans se yon pwosesis difisil menm lè ou pa bloke tèt ou. Kidonk, pa bloke tèt ou! Nap wè pwochèn fwa.