1- Anpil Kritik

Lè yon moun jalou de ou, li ka kritike’w anpil nan yon fason pou rabese’w. Kritik sa yo ka san rezon epi fokis sou aspè nan lavi ou kote ou deja briye. Pa egzanp, si w resevwa yon pwomosyon nan travay ou, yon kòlèg ki jalou ka kritike kapasite’w oswa kalifikasyon w, malgre prèv ki montre le kontrè.
2- Fo Konpliman
Li difisil pou moun ki jalou ofri’w konpliman ki otantik. Olye de sa, yo ka bay konpliman ki yon ti jan ensiltan oswa ki pote resantiman. Pa egzanp, si w briye nan yon konpetans patikilye, yon zanmi ki jalou ka di, “Wow, ou gen anpil chans pou’w gen yon talan natirèl konsa. Mwen swete ke mte gen kalite chans sa a tou. ”
3- Kopye Konpòtman ou
Jalouzi ka fè moun imite aksyon ou oswa stil ou nan yon tantativ pou fè konpetisyon ak ou oswa meprize sa ki fè ou inik. Sa a ka manifeste nan nenpòt bagay, soti nan imite stil rad ke ou mete, adopte lwazi ou yo oswa pèsonalite’w san enterè otantik.
4- Bloke Siksè Ou

Lè yon moun jalou de reyalizasyon ou yo, li ka angaje l nan konpòtman ki vize pou detwi pwogrè ou. Sa a ka enplike pale mal sou do’w, pa bay bon enfòmasyon sou ou, oswa travay aktivman pou minimize efò ou yo pou’w reyisi.
5- Ba ou distans avèk dezangajman
Jalouzi ka fè moun pran distans yo ak ou olye ke yo konfwonte santiman yo dirèkteman. Yo ka evite pase tan avèk ou oswa vin pa vle angaje yo nan konvèsasyon avè’w, patikilyèman lè sijè konvèsasyon an se sou reyalizasyon ou yo ak eksperyans pozitif ou.
6- Konpòtman pasif-agresif

Jalouzi souvan alimante aksyon pasif-agresif anvè moun yo ke yo gade kòm yon menas. Sa a ka manifeste nan frape ou oubyen moke ou an blag konsa, oubyen entansyonèlman pa envite ou nan rasanbleman sosyal oswa konvèsasyon.
7- Reyaksyon ekzajere sou siksè ou

Yon moun ki fè jalouzi ka reyaji avèk eksitasyon egzajere sou siksè ou, swa nan minimize yo oswa nan montre twòp reyaksyon ak antouzyasm ki manke senserite. Pa egzanp, si w pataje yon bon nouvèl, yo ka reponn ak yon souri fòse oswa yon kòmantè meprizan
8- Minimize kwayans ou gen nan tèt ou
Jalouzi ka fè moun minimize konfyans ou gen nan tèt ou nan mete aksan sou defo oswa echèk ou yo nan yon tantativ pou diminye estim nan pwòp tèt ou. Yo ka montre sa nan plede mansyone erè ou te fè nan pase ou oswa mete dout sou kapasite w lè w eksprime yon objektif oswa yon aspirasyon.
9- Konparezon tout Tan
Moun ki jalou de ou souvan angaje yo nan plede fè konparezon, nan mezire pwòp valè yo kont pa w la. Yo ka konsantre sou domèn kote ou briye epi santi yo menase pa reyalizasyon ou yo, sa ki ka vin bay santiman ensifizans oswa resantiman (kenbe’w nan kè).
10- Selebre malè ou yo
Petèt siy ki pi flagran de jalouzi se lè yon moun pran plezi nan malè ou oswa echèk ou. Olye pou yo ofri sipò oswa senpati, yo ka sekrètman kontan lè bagay yo pa bon pou ou, epi gade yo kòm yon prèv siperyorite yo sou ou.
Rekonèt siy sa yo ka ede w navige relasyon ou yo pi efikasman epi konprann yon seri de siy. Sepandan, li esansyèl pou apwoche sitiyasyon yo ak senpati ak konpreyansyon, paske jalouzi souvan soti nan ensekirite ki pwofon. Abòde kòz rasin jalouzi ka mennen nan pi bon koneksyon, ki pi natif natal e ki bati sou respè ak sipò mityèl