Prèske tout moun konnen ke egzèsis fizik ede moun ki twò gwo pèdi pwa ak devlope yon bèl prestans fisik (byen kanpe). Men si se sèl rezon sa a ou te konnen, ebyen sa se twokèt la, se jis yon degi. Ann gade ansanm 10 nan benefis ki genyen lè moun fè egzèsis fizik regilyèman.
1. W’ap viv pi lontan
Lè’w fè egzèsis fizik regilyèman, sa ka diminye risk pou’w mouri bonè akoz kondisyon ki touye anpil moun bonè yo tankou maladi kè ak dyabèt. Nan peyi Etazini, apeprè 110000 (san di mil) lanmò pa ane te ka anpeche si ameriken ki gen laj 40 an e plis yo te ogmante egzèsis fizik pa menm 10 minit pa jou.
2. Pi bon fonksyònman sèvo
Egzèsis fizik regilye ka kenbe abilite pou’w panse, aprantisaj, ak jijman ou byen file epi retade deteryorasyon sèvo lè’w komanse antre nan laj.
3. Plis lajan rete nan bous ou
Dè e dè milya dola depanse chak ane nan swen sante ki asosye ak nivo egzèsis fizik ki ba. Lè’w pa fè ase egzèsis fizik, sa ogmante risk ou genyen pou’w devlope maladi kwonik, ki toujou lakoz anpil gwo depans nan swen sante.
4. Mwens risk pou maladi kè ak konjesyon serebral (stwok)
Maladi kè ak konjesyon serebral se de nan kòz prensipal lanmò nan mond lan. Lè ou fè egzèsis regilyèman nan yon nivo entansite modere ka ede diminye risk pou maladi sa yo. egzèsis fizik regilye kapab bese tansyon ou tou ak amelyore nivo kolestewòl ou.
5. Mwens risk pou’w fè dyabèt (fè sik) tip 2 oswa konplikasyon dyabèt
Plis pase 34 milyon Ameriken gen dyabèt. Yon lòt 88 milyon adilt Ozetazini gen yon kondisyon ki rele predyabèt, ki mete yo nan risk pou yo gen dyabèt tip 2. egzèsis fizik regilye ede’w anpeche dyabèt tip 2. Si ou deja gen dyabèt (tip 1 oswa tip 2), ou ka ede kontwole nivo sik nan san ou lè w rete aktif.
6. Mwens risk pou kèk kansè
Lè w fè kantite egzèsis fizik yo rekòmande a, sa ka diminye risk anpil kansè, tankou kansè nan blad pipi, nan tete, nan kolon, nan ezofaj, nan ren, nan poumon, ak kansè nan estoma (vant).
7. Pi bon atitid (mwens strès, enkyetid, iritabilite, etc.)
Le’w fè ase egzèsis fizik, sa ka imedyatman diminye santiman enkyetid epi ede w dòmi pi byen. Sou yon tan ki long, li ka diminye risk pou fe depresyon. Lè’w mache regilyèman pa egzanp, li ka amelyore atitid ou; epi lè ou mache an gwoup, sa ka ede’w rete sosyalman konekte ak zanmi’w e ak vwazen’w.
8. Zo ak misk ki fèm ak djanm
Le’w fè egzèsis aewobic (mache, sote kòd, kouri, monte bisiklèt, etc.) ak egzèsis pou konstwi misk (leve pwa tankou pushup, squat, etc) ka ralanti pèt nan dansite zo. Lè ou aktif fizikman ka ede’w tou ak doulè atrit (arthritis) epi redwi risk pou kase zo anch (hanche).
9. Ou fè mwens jou malad
Moun ki aktif fizikman gen tandans pase mwens jou malad. Rechèch montre ke aktivite fizik ranfòse sistem iminitè plizyè fason. egzèsis fizik regilye ka ede diminye enflamasyon. Li redwi tou risk pou’w tonbe malad lè li ede retire bakteri nan poumon’w ak nan vwa respiratwa’w.
10. Pi bon nòt nan lekòl
Pou timoun yo, pwogram egzèsis fizik lekòl yo ka amelyore atansyon ak kèk mezi pèfòmans akademik yo. Elèv ki aktif fizikman gen tandans gen pi bon nòt, prezans lekòl, fonksyon sèvo, ak konpòtman nan sal de klas.
Hello zanmi’m! Si’w enterese ak jan de atik sa yo ak anpil lòt, ale anba paj la nèt pou’w ka swiv nou sou Facebook!
Tape bouton anba a pou’w ka pataje’l ak zanmi’w yo!
Mèsi anpil!!!