Prèske youn nan chak 5 travayè nan mendèv ameriken an fèt aletranje. Pa egzanp an 2023, sou 160,2 milyon (160.200.000) moun ki te nan mendèv ameriken an, anviwon 29,7 (29.700.000) milyon te imigran. Sa a se yon ogmantasyon depi 2010, lè imigran yo te reprezante 15.6% nan mendèv la.

Sèvis edikasyonèl ak sante gen plis travayè imigran pase tout lòt endistri, ak yon kantite 5,5 milyon (5.500.000) travayè.
Men kantite anplwaye imigran ki nan chak endistri (ane 2023), nan lòd dekwasan:
- Sèvis edikasyonèl ak sante: 5,5 milyon (5.500.000)
Egzanp: enfimyè, travayè sosyal, administratè sante, asistan medikal, pwofesè, elatriye. - Sèvis pwofesyonèl ak biznis: 4,7 milyon (4.700.000)
Gen anpil tip de job diferan nan kategori sa a. N ap pale de yo nan yon lòt atik. - Konstriksyon: 3,3 milyon (3.300.000)
- Fabrikasyon: 3,2 milyon (3.200.000)
- Komès an gwo ak an detay: 3M (3.000.000)
- Lwazi ak Ospitalite: 3M (3.000.000)
Egzanp: Sevis kliyantèl nan otèl, kwizinyè, lave veso ak netwayaj, moun kap bay direksyon, jestyonè otèl, elatriye. - Transpò ak sèvis piblik yo: 2,1 milyon (2.100.000)
- Aktivite finansyè yo: 1,6 milyon (1.600.000)
- Lòt sèvis yo: 1,6 milyon (1.600.000)
- Administrasyon piblik: 766 mil (766.000)
- Agrikilti, forè, lapèch ak lachas: 439 mil (439.000)
- Enfòmasyon: 415 mil (415.000)
- Min: 74 mil (74.000)

Nou sot gade ki endistri ki gen travayè imigran pa kantite. Kounye a ann gade ki endistri ki gen plis travayè imigran pa pousantaj. Nonb ou wè a se pousantaj imigran nan endistri sa yo ki se imigran.

- Konstriksyon: 28.6%
- Sèvis pwofesyonèl ak biznis: 22.9%
- Lòt sèvis yo: 21.9%
- Transpò ak sèvis piblik yo: 21.4%
- Lwazi ak Ospitalite: 21.0%
- Fabrikasyon: 20.2%
- Agrikilti, forè, lapèch ak lachas: 19.8%
- Kòmès an gwo ak an detay: 15.6%
- Sèvis edikasyonèl ak sante: 14.8%
- Aktivite finansyè yo: 14.6%
- Enfòmasyon: 13.7%
- Min: 12.5%
- Administrasyon piblik: 10.0%
Nou espere ke atik sa a te pote limyè pou ou sou kantite ak pousantaj travayè imigran ki nan chak endistri Etazini. Enfòmasyon sòti sou sit usafacts.org.